mardi 6 février 2024

Le chant de la migration poème xxix

 

Depi kèk jou

Bi kò m Pari

Lespri m Ayiti

Paske m pa

Konn gouye 


Kiyès ki konn gouye


Yon rara lide

Danse won

Lavivwonn

Nan lespri m

Bouyon toubiyon

Toupi 

Kiyès ki konn gouye


Dòmi kouri

Kite m poukò m

Sou kabann nan

Mwen ki pa konn gouye


Depi kèk jou

Mwen bèkèkè

Sou Pari

Gen yon prizon

Ki pral kraze

Kiyès ki konn gouye


M ap pran tren

Trennen yon

Bi kò Ayiti kenbe

Nan gòj

Kiyès ki konn gouye


Kisa w vle m di

Nan ki lang

Ou vle manyen m

Eske m janm konn gouye


Xenia lopital

Eske l ap sove

Yo di Padre nan prizon

Zelenski ap bay

Bwa mitan 

Konpetisyon an fèk 

Koumanse


Xenia pap ka tounen

Ikrèn ankò

Lakou masyal 

T ap mete men sou li

Kiyès ki konn gouye


Mwen kreten 

Nan kite Ayiti

M anvi al wè Xenia

Lopital la 

L ap banm nouvèl Ayiti

W a konn Gi 

W a konn Gi

Xenia men Gi leve


Se Xenia ki fè

Syèl Pari chanje koulè

Nan fason li pran 

Swen pijon 

Se Xenia ki fè zèl

Pouse

Se sa

Se sa Padre te konn di


Epi Padre Boris mete bal

Mete bal sou Xenia

Anba Bazilik Sen Deni

Poutèt yon boukè flè

Ki soti jous Channmas

Nan basen Karayib

Kiyès ki konn gouye



Jacob JEAN-JACQUES

Saint-Brice-sous-Forêt

Le 07 février 2024

02:14 am



Le chant de la migration poème xxix




Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire